KIYES MWEN YE?
Mwen grandi nan yon site, yon katye popile yo rele bisantne ki egzateman sou potay lewogan toupre teyat nasyonal. Mwen leve nan yon gwo kay papam ak manmanm te travay di anpil anpil pou yo te kontwi. Mwen pat gen chans konnen grangou menm te grandi avek moun kap grangou chak jou. Nan katye a te chaje jen ki te fo lekol anpil anpil paske se te selman mwayen pou yo te reyisi lavi yo. Nou te abite anfas yon pyonye ki rele Delano ki te yon moun ki travay di anpil anpil e mesye sa fe anpil sakrifis pou pemet lavi paranm pat an danje.
Mwen te konn jwe boul nan zon nan ak lot jen yo le paranm pa la paskem pat janm vle diferan pami yo. Mwen te souvan pran manje paranm poum distribye ak moun ki nan bezwen malgre paranm fache apre le yo aprann sa. Mwen grandi nan yon zon kote nou selebre chak moman e ke nou te konekte anpil youn ak lot. Mwen te lekol 40 minit de lakay mwen, kek fwa mwen pran moto men anpil nan fwa yo mwen fel a pye.
Papam tap travay nan leta, reponsab yon sant sante nan potay lewogan e manman m tap vwayaje nan antiy fe komes poul kap kontribye nan edikasyon nou. Mwen pat janm jwenn paranm ap domi lem leve e mwen pat janm we yo al domi anvanm. Yo te telman travay di yo menm bliye tet yo. Mwen te konn yon dam ki se yon manman pou nou nan zon nan ki rele Kawol ki se yon poto mitan e ki te renmenm anpil anpil. Manmanm te pase plis tan lakay paske li te vle fe tout sal te kapab pou jou pat janm nan pwoblem, al nan prizon e pou nou pat soti denlenkan. Anpil nan fanmi manmanm te gen posiblite nan moman an, mwen sonje chak vakans ale okay pou nal pase vakans avek fanmi manmanm.
Mwen pase plizye lekol, mwen te gen chans fe anpil eksperyans avek elev lekol mwen. Gen moman kote ke elev frapem ke yo pat dwe frapem e gen moman yo dim pawol ke fem plezi. Mwen sonje lem fenk vin nan lekol prive soti nan yon zon popile koman anpil elev te tretem paske m pat soti nan yon zon ki gen mwayen.
Bagay ki te pi fem mal la se le paranm pat gen chans vin depozem lekol sou machin. Preske tout elev nan lekol la te gen plis pase 2 machin lakay yo. Lakay mwen te selman gen youn e papa m gen poul al travay.......... www.ariseprojectforhumanity.com

Comments
Post a Comment